Nan Delmas 2, zòn Tokyo, lapolis nasyonal d Ayiti mennen yon operasyon enpòtan ki abouti ak neutralizasyon sis (6) endividi sispèk epi sezi plizyè zam ak minisyon.
Dapre enfòmasyon otorite yo, operasyon sa a fèt nan kad efò lapolis ap mennen pou reprann kontwòl zòn ki gen gwo menas ensekirite. Sis endividi yo, lapolis idantifye kòm moun ki te gen lyen ak zak kriminèl, tonbe pandan entèvansyon an, apre yo ta fin opoze rezistans.
Pandan operasyon an, fòs lòd yo mete men sou yon arsenal zam, sa ki montre nivo danje gwoup sa yo t ap reprezante pou popilasyon an. Lapolis fè konnen pa gen sivil ki blese, e operasyon an fèt avèk prekosyon pou pwoteje moun ki abite nan zòn nan.
Jiska prezan, otorite yo pa bay plis detay sou idantite moun yo ni sou kantite egzak zam ki sezi, men yo asire ankèt la ap kontinye pou demantle tout rezo kriminèl ki ka gen rapò ak dosye sa a.
Operasyon sa a vini nan yon moman kote kestyon sekirite a rete youn nan pi gwo sous enkyetid pou sitwayen yo. Lapolis raple popilasyon an enpòtans kolaborasyon ak fòs lòd yo, sitou atravè pataj enfòmasyon ki kapab ede prevni zak kriminèl.
